D-Fi Powèt Revòlte
Pou m te rive la
[Kouplè 1]
Chak jou k pase nan vi m, map boss tha rhymes
Prèv ke m vle rive gen on non kou Busta Rhymes
Sa kòmanse an 2003 "Vi Nèg" tap bèse m
Adolesan m te vle pèse san kite nèg pèse m
Hip Hop frape m, se te jis pou trip mwen
Sak ta di on jou mtap santi l jis nan trip mwen
An 2005 mkonn Lord (IMP), on gran nonm
M remèsye vi a m te kwaze ou, n***a m dwe ou non m
Rappeur hors norme, men m te toujou ap viv dans l'ombre
Lòt bò baryè premye tèks mwen defini m ekriven sombre
Se epòk Nwa ak Wouj met on jenès an foli
Di m pi bèl fyète rap aprè Best-seller an foli
M bay respè a sak merite l, m pa nwi m te elèv
M konn on jou kanmenm m tap vin pran la relèv
Frè m m depoze on rim nan memwa Dejavoo
M pat jeneral ni sòlda men nan konba rap m te gadavou
[Refren]
Pou m te rive la m bay swè,m bay kran
M bay kè, m bay san
M rap tan, m bay tan
Pou m te rive la m met raj ak talan
Men tout sa w tande a rap pa t pwomèt ni glwa ni lajan
Pou m te rive la m fè vibre on favella
Di m sa w wè w ka fè la
M wè gran kou Rocafella
Pou m te rive la Die-Nasty, DefHustla
HighRec mizik Epizòd di nèg la kenbe favè l la