[Kouplè 1]
Vi a rann mwen parano pa kondane m sou jan m wè l
Pi bonè se granmaten, m leve bonè m kwaze ak chanpwèl
On jou ou lòt, plato balans lan ap panche
Donk m pa asire w ke m ap pase tout vi m ap "punche"
Deja vi sa fatige m
Twòp dilèm, twòp moun pou m desevwa
Vin sta pa si fasine m
Sitou lè m wè sa nèg fè, kijan yo pèdi valè
Sa k te Wa lakay yo pou hit ka zòt tounen valè
M vin wè menm sa m te pran pou lidè a s on follower
Konprann desepsyon m, sèl bagay nan rap mpa twò fyè
M pa twò kwè nan lòm, reyaksyon yo pap etone m
Si m reyisi se pou yo tout, men si m echwe youn pap epole m
Kite m dekone
Avan rèv mwen kwaze ak reyalite a
Ak rès mond lan kite m dekole
Lòm rann mwen egoyis, m renmen tèt mwen ke pwochen m
Kwè nan yo se gwo risk, menm konfyans m pa fè pwòp chen m
[Refren]
M parano, e si tout pwojè m "tomber à l'eau"
Lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di Alo
M parano, m parano, m parano(bis)
[Kouplè 2]
Sou ki m ka konte?
M grandi nan panye krab, m wè nèg ap rale m desann chak fwa m vle monte
Gen sa m vle montre limyè men l pito gad dwèt mwen
Jida a chita sou tab lan ap prepare l pou al trèt mwen
Ki wout pou m pran pou m al ka God si tout ap mennen m Wòm?
Yo te di m si m vle al vit, fò m fè wout la pou kòm
Men m te vle al lwen, donk m kite y akonpanye m
Rezilta? Se kòm si m tap bwote dlo ak on panye
Twòp fo frè, mizè rann nèg akrèk
Kijan pou m jwi si sistèm map fuck la pa gen bon k***
M fini pa konprann se pa on "fin en soi" pou vin selèb
M ap viv nan rèv, m fini pa feel tenèb
Li te lè pou m te fè bri, pou mas yo te ka tonbe
M stil ret kwè se pa view sou youtube ki pral konble m
Men jwenn pè ak konsyans mwen pou mwen se pi gwo defi
Vrè zanmi m se nèg kap show Rhod love, kap fuck D-Fi
Refren
Mparano, e si tout pwojè m "tomber à l'eau"
Lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di Alo
M parano, m parano, m parano (bis)