D-Fi Powèt Revòlte
Machann Sab
[Refren]
Sa pale de vi m, pale de rèv mwen
Ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
Sa pale de plim ki tounen glèv mwen
Mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam
[Kouplè 1]
Sa pale de rèv, de plim
Eprèv, de vi m
De grèv, de krim
Èv mwen dekri m
En fait, sa pale de tout sak gen pasyon
Li sove m pandan yo t ap di m pou avni m li se pwazon
Vole ak vwa Samantha drese on geto resital
Jay fè m wè im jenès mwen pa dwe chante sou bri bal
Tout istwa m nan plim Ed ou B-Art m viv art
M pa janm echwe m jis konn lòt mwayen pou m gen viktwa
Li kwaze m nan doulè l met souri sou lèv mwen
Yo te di m m pa amatè bòlèt pou m pa mize sou rèv mwen
Depi lè m gen on glèv m pa on atis m se machann zam
Mizik mwen fèw reve, m se on machan sab (D-Fi)
[Refren]
Sa pale de vi m, pale de rèv mwen
Ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
Sa pale de plim ki tounen glèv mwen
Mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam