[Refren]
M chwazi mond mwen, nan mitan sa yo bati ban mwen
M kwè nan rèv kenpòt si isit yo mouri san grandi
Tèlman gen melodi ki depase briganday, m pa twò jwenn modèl, m eseye youn mwen menm
M fè chimen mwen, pa gen anyen ki trase isit
M detounen de sa yo te ban mwen kòm prensip
Tèlman gen melodi ki depase malveyans
M senpman kenbe lanmou ki donnen nan je ou manman mwen
[Kouplè ]
Mi yo gen zòrèy, mwen m se vwa koridò yo
Se pa san k ap koule nan venn mwen, men se dlo rigòl yo
Pou ou byen konprann istwa a m konseye w tounen nan koumansman l
Chansrèl, 1991, on katòz septanm
Esther akouche m, benediksyon de (2) nouvo marye
E si yo te pati san anyen, se sou lavni m yo te parye
Castro akeyi m ak bra louvri, sèvi m bèso
Lavi pa janm al kite n, si pa gen plas, n ap pran sèso
Byen bonè, m konprann nou tout pa pati ak menm chans lan
Te sèlman gen manman m ant mwen menm ak delenkans lan
Evite m lari a, mete m sou chimen lekòl
Rèv li, nan kenzan, wè m sou biwo, kostime, kòl
Pou sa gen sakrifis ki fèt, gen demon k konbat
Strateji, mete m nan gwo lekòl, demen m ap gen gwo kontak
Kay frè, men byen vit m wè m pa antre nan moul yo a
San respè pou prensip, m t ap mache kwochi kote moun yo dwat
Fuck F.I.C, pou yo m kreten
Elèv modèl yo a, ti jeni nan mat, respekte tout règ, kretyen
M pèdi nan de (2) mond, pou geto a m rich
Men pou yo, tan pou m te vin lekòl ak bag pito m te vin ak krich
Nan fenèt la m t ap gad lavi m, fuck kou trigo
Tout sa k te nan tèt mwen se foutbòl make kèk gòl kou Figo
2007 m te menm kwè m t ap pral Kore ak Labaz
Men rèv yo ret anprizone lè Castro tounen Alkatraz
M pran desepsyon nan vi a, paske m te twò nayif
Rèv pou m ekonomis mouri jou m antre nan lekòl dwa gonayiv
M rann kont depi nan depa m yo pyeje m
Avan ou di m dejwe, konnen byen sistèm nan kanalize m pou m echwe
M mare kanson m, m retwouse manch mwen
Lavi a se pou moun k ap batay, mikwo a sèvi manch mwen
M se jenerasyon envensib, m fèt sou anbago
M wè sa k ta dwe sèvi m modèl kouri pran bato
Sa reken manje nan dlo, sa k al ogmante brasewòs
M te gen sèzan lè m te kontre ak manifestasyon Klowòks
Jenerasyon yo bay lasini
Sa m viv, zewo tolerans, bagdad, raboto, lasiri
M ba tèt mwen on rezon pou m ekziste
Defann dwa m tankou 35 Zile, mizik se mwayen pa m pou m ekziste
M ekri sa m viv, e sa m viv yo kriyèl
Yèswa ankò, gen on frè m ki tonbe nan on riyèl
Dlo je manman n koule k te reve wè n diplome
Men n se timoun fwonte, n al fè bab nan simityè, nou fini prizonye
M pran mikwo pa pou fè ou plezi, pa pou krache èn mwen
Nan figi on sistèm ki kreye kondisyon pou gache rèv mwen
Sistèm sa m vin pirate l
Antere leta kou lanjelis, Jomo nan rèv mwen Kaya pa rate w
Ou pa wè moun sa yo k ap dòmi atè devan palè w
Jou geto a leve kanpe se jou malè w
Jou n idantifye vrè ennmi n, n ap konn kiyès pou n tiye
Vrè kriminèl la pa sa k gen zam lan men sa k distribiye l
Nou vin reklame jenès nou pandan nèg yo gentan pran lavni n
Se menm pwoblèm yo soti Castro, pase Solèy, Gran ravin
Menm gè gang yo, menm krim yo
Menm doulè yo k ap koupe trip manman n, menm zanfan yo k ap pouse menm kri yo
GetoYout sot sou chimen an al kontanple lorizon
Lòt bò baryè a gen vi, la a s on prizon
Libète yo p ap ba w sa, se pran pou pran l
Solidè youn ak lòt se nan linyon n ap jwenn fòs
Pa bouke reve se sèl trezò w
Konnen si lòd ki etabli yo enjis se devwa w pou dezòd
Toujou koute kè w, se li sèl k ap ba w verite
Toujou ret onèt, pou tout koz ki jis ou dwe lite
Soti ak tèt nou wo
Si n pa rive fè sa n dwe fè, nou va fè sa n kapab, listwa a chwazi ewo l