D-Fi Powèt Revòlte
Pasyon M
[Kouplè 1]
M ap viv pasyon m, menm ak manman m chwazi tete grann
Raple w lè pyès pa t kwè nan mwen, pou santi yo pa t pete ban m
M te vle gran, yo di m swa w mouri, swa w touye, kote m soti a nèg, anyen pa t ka anpeche m si m te vle gang
Fistrasyon m? A! M pase sa sou kèk "beat" men
M aprann plen vè m a fòs m grandi ak kè vid men
Lank nwaye pèn, dlo mizè nwaye rèv
M voye je m nan je Esther chak lè èn ta vle nwaye kè m
E tanpi si m fini mal
M fini pa konprann ke siksè a menm pou nou tout men reyisit la chak moun defini pa l
Mizik fè m touche syèl
E si vrèman gen paradi, m espere kwaze papa m chak lè m monte sèn
[Refren]
Pou on mizik ke m renmen
E paske lanmou avèg m kite l mennen m
Ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon
M bati vi m frè m m ap viv
[Kouplè 2]
Desepsyon parantal
Fanmi an konte sou mwen pou l sot la a men "à ce qu'il paraît" fè mizik onèt pa rantab
Rèv Ak Plim se byen, men manman m t ap pito on diplòm
Desepsyon inonde kè l kòm si l te kriye on siklòn
M ap trennen on lavalas doul dèyè chak souri m frè m
Se melankoli m ki fete lè m jwe vi m sou rim frè m
Rezon k fè m viv kounya a avan te on senp foli
Mizik anprizone m, m kondane a vi anndan on senfoni
Nòs majik
Depi lè m kwaze rap menm si fantasme sou avni m, sa rann mwen nostaljik
Men mizik fè m touche syèl
E si vrèman gen paradi, m esperz kwaze papa m chak lè m monte sèn