D-Fi Powèt Revòlte
Viv An Gè
Kouplè 1



Ou pa blije renmen m, men ou dwe respekte m
Pandan lòt pa t aksepte batay, mwen m t ap batay pou y aksepte m
Rap louvri je m
Jan zòt te di a, depi lè m fèt lavi a sanksyone m
Manman m se on ti machann, papa m te on ouvriye
Premye sa m aprann se goumen
Dezyèm sa m aprann se goumen
M soti kote on nèg ap bat on lòt pou degouden
M se bèf mizè pa t rive fè manje lanman
Ki kanpe, pou sa chanje, se pa jou san manje k pral etenn flanm nan
Ou dwe batay ak tout sa ou gen kòm zam
Mwen m gen on mikwo on kalash nan mitan non l site Castro sòlda
Lavi n pa woz, fuck PHTK
Brandi banyè n, lòt bò baryè gen vi, ann al rache sa
M pa t tann papa m te mouri konsa  nan men m pou l te konprann
A a se pa sa k merite k jwenn men se sa k konn pran
Reklame dwa m pou m viv tankou moun
Kenpòt si m kontre lanmò m
M pral jwenn li an souriyan tankou Malcolm
M ekri sa geto a sibi,  malgre mwen m se pòt vwa l
E si m rim yo pa sifi nòmal pou koute bal
Swa nou tout viv kou moun, swa nou tout peri ansanm
Si wòch nan solèy pa konn dousè wòch nan dlo, wòch nan dlo dwe konn doulè wòch nan solèy
Etènel konba nan vwa pi gran an, lè n travèse n a jere somèy
M pa pretann m ka mennen revolisyon, m pa Che
Men raple ou m ap mache pou peyi l, m pa nan kite peyi m mache