[Refren] (2×)
Sampling (Patrick Bruel - Qui a le droit?)
On m'avait dit : "Te pose pas trop d'questions"
Tu sais petit, c'est la vie qui t' répond
[Kouplè 1]
Rhod, ou twò piti pou konprann
Souvan lavi teste ou sou leson ou pa t janm aprann
Se pa tout sa ou voye ale ki vin jwenn ou
Ou ap renmen, y ap rayi w
Pami zanmi ou yo, gen sa k pral trayi w
Rhod gen moun ou ap fè mal, pa enkyete ou, sa rive menm Gandhi
Ou ap fè erè, dayè se konsa ou grandi
Ou pa kreten, ou jis gen move pwòf
Jije on pwason sou kapasite l pou l monte pye bwa ka fè l fè vi l ap panse l sòt
Mache pye atè pou 2 pye ou pa pran nan on grenn soulye
Depi ou nan fouwo ou, yo p ap wè si pwent ou wouye
Pa bliye lwayote Lajenès, solidè menm nan mizè
On chimè, p ap vle w manyen zam, l ap di ou
Li vle ou atis, li pa vle w chimè
Nan mizik ou ap jwenn chimen ou, ou ap Fòse desten ou
Ou a mande Estè padon, nou tout paka medsen
Ou ap konprann lavi devan anmò papa ou
Separasyon k pi brital yo fèt san di babay