D-Fi Powèt Revòlte
Alter Ego
                                   
[Refren]
Youn sibi, soufri pou lòt la ekri
Youn te blije anprizonen tèt li pou lòt la ret lib
Pou youn ka konstui lòt la blije detui
Pou Rhod te ka siviv, l oblije touye D-FI

                                     
[Kouplè 1]
Rhod viv bon moman yo, D-Fi rape move moman yo
Rhod te pote lespwa, D-Fi touye rèv manman l yo
Rhod fè betiz, ke D-Fi paka repare
D-Fi ap mennen on vi, e pou li Rhod pa t prepare
Rhod timid, men D-Fi se on liv ouvè
E lè Rhod viktim, se D-Fi k pare pou gè
D-Fi kenbe souri l, pandan Rhod an kriz chak swa
D-Fi vle pran kè on piblik, Rhod pa vle pèdi lanmou Pasa
Men sa k grav 
Pandan y ap rayi Rhod, D-Fi ap rekòlte "J'aime" sou Facebook ak Instagram
Se fason moun yo wè ak chanje men Rhod pa chanje
Kouman pou m fè ou konprann pou gran sè Rhod, D-Fi se on etranje
Se pa menm akèy la depi lè y ap pase m nan tele
D-Fi fè gòl ke Rhod pa ka selebre
Rhod gen lari a pou refijye l, D-FI gen sèn
Men yo gen on pwen komen, tou 2 sensè