D-Fi Powèt Revòlte
Castro Sou Map La
[Kouplè 1]
Yeah Rèv nou se trezò n
Katye sa m reprezante a nan je kèk avan te vye zòn
28 an, se nan koridò  sa yo m grandi 
M fè l pou di ou nan geto nou tout pa bandi
Vin san danje, teren an laj menm jan ak kè m
Mesaj lanmou nan tan lagè,  eritaj pou sa k ap vin aprè m
Yeah! Malgre mwen m vin gid yo
Fuck D-FI, pou ansyen yo m stil ret ti Rhod
M pa chanje pase sa
M toujou sou bout mi yo
Toujou manje fritay ka madanm
Toujou ap trip nan katye a
On dreamer pa gen limit
Nan rap, m pa sot nan on blòk mitik
M pran blòk mwen m fè l mitik
Castro we go hard D-Fi is yours
100% benefis kòm si n te envesti nan on biznis bòz 
Pèsòn pa ka di m pa kite  anyen rap la
Yeah! M met Castro sou map la

[Refren]
I get big dream for my city
Anyen pa ka bare n, se syèl la k limit
Nou gen randevou ak listwa, èske ou ap la
Def to the Death, m met Castro sou map la
Se youn pou lonè Gran paran
2 pou chak jenn gason, chak jenn fi
3 pou nèg ki wont kote yo soti jodi a k fyè pou di yo sot bò kay D-FI
                                   
[Kouplè 2]
Mwen m reyalize rèv mwen san zetwal pa file
Lavi m se on fim ke pèsòn pa filme
Ti frè malgre eprèv gad tout sa n akonpli
Nou te pati san anyen sof on rèv ak on plim
Se youn pou manmi tètè, di li mèt fyè
D-FI fè l, se 2 pou chanje vi kèk frè
Yeah misyon m pa fini
M di ou fòk geto m viv 
E pou sa fè albòm pa sifi
Ou konn prensip la deja, toujou ak lonè n make money like Puff
Ou mantalite Robin des bois, vòlè rich bay pòv
M pa prale san m pa peye dèt mwen
Si ou kwaze m, pa ezite rele m, m se frè ou, m pa vedèt men
Pase wè m lè ou vle, m pa janm fèmen baryè m
M ap bay lanmou kote yo ap bay èn
Pou posterite a, pou lè yo mande m lè m te kapab sa m te bay
Yeah m met Castro sou map la