D-Fi Powèt Revòlte
Koulwa Lanmò
[Refren]
Hmmm
Ale moun yo ale
Men se pa Bondye ki rele yo
2 bra pandye nan on lopital
Yo domi leve ak lanmò adjee
[Kouplè 1]
Yo di m lopital jeneral se la map jwenn bon doktè san lajan
M tou mache ak gan m, se premye preskripsyon y ap ban m
M ateri kot yon ti malez ka pwovoke gwo dram
Se lè kanaval yo bay dra
Donk m tou mache ak dra m
Pa gen materyèl sa koz moun mouri san dyagnostik
Medsen sèvis pa vin travay yo pito jere klinik yo
Lopital inivèsitè lage sou kont rezidan
Livre a li menm, m kwaze yon pasyan k ap mande si peyi a gen prezidan
Minis sante siyen kontra ak mò pèsonèl pa ka touche
Pa gen kouran se nan flach telefòn moun ap akouche
M vin konprann pou mouri nou pa
Janm twò jenn
Nan chanm lotbò a on bebe 8 mwa ap trepase pa gen oksijèn
Pa gen skanè, nan prive li tèt nèg
Manzè mouri sou wout pou yo transfere
Gwo lopital la pa t ka fè ekografi kè
Se moun leta touye pa di m depi w mouri w antò
Depi w antre la w g on pye w nan Koulwa Lanmò