[Refren]
Manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
Mè ou la ka fatige kò w
Sa se pa efò w ankò
Ou pa pliye
Pa janmen kase
Ou di mwen i bon,depi i pase
Anh anh anh.....
Mè ba nou, nou ja fè ase
[Verse 1]
A 20 an Manman m fè m li pa t menm asire
Kay moun nou t ap domi pa t gen kote pou n abite
Fanmi an la sou yo l pa t menm bezwen mize
Fè bonè m se sa l te vle li lite pou n sot nan mizè
Pa t gen posiblite l t ap chache fè ti bras
Gwo djòb yo pa t fèt pou li èske paske l pa t fè gwo klas
Aprè lanmò papa m sèl sa k t rete
Pou mwen yon chanm kay men ki p at men m ka separe
Vin jwenn Samuel antre nan vi n ki vle ede n
Li fè djòb mekanik nan mizè a pou l retire n
Men m pa t gad sa gwo m brize kè Man m ak neglijans mwen
Di m tounen lekol e sèl mwayen m ka jwenn chans mwen....
[Refren]
Manman douvan pwoblèm ou toujou di mwen tchenbe fò
Mè ou la ka fatige kò w
Sa se pa efò w ankò
Ou pa pliye
Pa janmen kase
Ou di mwen i bon,depi i pase
Anh anh anh.....
Mè ba nou, nou ja fè ase