D-Fi Powèt Revòlte & Ken-FS
Relè
[Verse 1]
Pitit mikwo a, se melodi sa k bèse m
Tankou nou tout m te fan, m pa t gen swaf pèse
Rap kòm enfliyans
Kanal pou fè pase vwa n, m konprann sa
Lè Masters t ap mande on ti chans
Viv hip hop, lè anpil te di se jis yon mòd
Nan kas pi gran yo m konn ORS ak Million Corde
M gen pou m mèt de seremoni
Li te klè, devan glas la, m te plis mic ke money
Se te pasyon m, m pa gen lòt vi apre sa
M pa grandi ak party and bullshit men ak Fonta Fiesta
Krazy like dead m pran plezi nan pwezi rap rèd
Pran mikwo a boule sa, te dezi chak nèg
Tout sa nan pakou a
Rape vi nèg, Mystik 703 montre m gen granmoun nan lakou a
M te gen rap kòm gid, lè m pa t ka ouvè liv
Ou te dwe koutе Me-Stair pou konn jan m vle viv
Yeah fòk m di ou, avan m fè rap, rap fè m
Crazy BC dеpi ban m afè m
Rock fam montre m beef ka pote
Gen on milyon fason pou apwoche rap e se la tout bote l
On panse pou K-Tafal, Dade, Dejavoo
Pa pale m de flow, Bon an mouri deja tou
Yeah m renmen rap konsa
Avan mond yo a Trajik te gentan louvri je m sou mond sa
Mwen m akwo depi lè m goute l
Rap se tout vi m, lè m pa p fè l, m pèdi nan koute l
Sa yo plis jwe nan kas mwen ke festival
Règ nimewo 1, idòl yo pa dwe janm tounen rival
Rest in peace Jimmy, Izi
Nou alonje now, m swete n jwenn bonè n nan vwa Tchak Izili
On panse pou Spanish, Iyoudi, Sistah Killa
M malad kite m geri m ak Doc ke m feel la