D-Fi Powèt Revòlte & Ken-FS
Dexter Sezon 2
[Verse 1: KenFS]
M pa anvi clash Nèg m se youn nan egzanp Rapè’k fè nom’l, san bif san di betiz, m pat anvi bat Nèg
Gen sa m fè wè piti san’m pa di’m gwo Nèg
Lè’n sou menm bit m fè yo lèd san’m pa di’m bo nèg
M bay kontrè sa map preche a lè pou’m bay li
M konn lè pou’m desann tempo ak lè pou’m hype li
E lè yap di se yo’k pi fò m fè komsi’m pa konprann
Dexter saison 2 pa pou kò’l li vin ak on track list
Veni vini vici, yow vini piti
Ak sa’w panse’n genyen kòm diferans lan m fini piti
Tout lavi nou se bif nan mizik pran pòz sosyal
Malgré sa nou lejè sou bit se sou rezo yo’n bosal
M konn tout kou yo li klè’n pa gen menm prof
Ou se lajan monnen pou rap mwen’m se papye’n pa nan menm pòch
Nou tire pye nenpòt jan nenpòt kote’n jwenn
Jou’m deside bif on Nèg wap manyen’l nenpòt kote’l plenn
M pa cheke pou karyè’n donk fèmen je sou pa’m
Pran defèt yo pou kò’m reysit la pou 2 bouda’m
Pran hit yo m pa we sa sou wout siksè’m nan
M g’on piblik men pi gwo fans mwen ap rete ti frè’m nan
M ban’n fevè deja pa pè teke pye’m
Non’m se KenFs e’m gen Black Lyriciste pou A.K.A
Lavi a trete’m vèmin ou pi devan wap banm le gain
Yon dexter a dextérité, m fè track sa san refren