D-Fi Powèt Revòlte & Ken-FS
Veni Vidi Vici
[Verse 1: D-Fi]
Pa gen okenn glwa nan viktwa san peril
Nou chak gen kwa n, m p ap sibi istwa a, m ap ekri l
M livre kèk konba k pa vo lapèn
Yo di m detui on rapè se konsa emnm wap pwouve ou rapè
Se pa t janm on game pou mwen, on risk a chak pa
Jèn, nayif, se mwen k mennen tèt mwen labatwa
Se lavi on tijenn pasyone
Melanje jwa pèn, lanmou èn
Zeprèv yo fasone m
Lè ou pèdi tèt ou nan on rèv, revèy la brital
M soti kote balad pou bèse n se bri bal
S on arèn, m blije kanpe an Maximus
Chak jou lanmò souri ban m, sa m ka fè, souri ba li tou
M fè kèk chwa, m jwe ak difi, m boule
M pran kou men pi di a se wè dlo jwe manman koule
Kiyès ki te di on gèrye pa konn soufri
Sèkèy mwen, gen sa k ap vin pou kriye gеnyen k ap vin krache sou li
Omwen Rap mwеn t ap defann koz
Ki jis kit a sakrifye karyè m te klè la a pa on kabann woz
Asime chwa ou, peye dèt ou, asime zak ou men
Pi gwo konba fèt anndan ou, se ant ou menm ak ou menm
M rive jwenn lapè m, jou m resi touye ego m
Se pa pouvwa yo men koz ou chwazi defann yo k fè ou ewo
Mouri an brav, viv lib
Veni Vidi Amavi Vici