D-Fi Powèt Revòlte & Ken-FS
Suisid
[Verse 1: KenFS]
Yè la ankò map panse a sa kijan sa ap fini
Se ki fòm tou sa gen pou pran e kijan sa ap vini
Men si’m baze sou sa’m konstwi tout sak depan de mwen
Tout efò ke’m deplwaye dim non sa tou kijan’w feel li
M vin a pozisyon’m kek pwòch ede’m kenbe’l
Yo te konprann mwen twò vit lavi’m kek pwòch ede’m tente’l
Pye’m teke’m bite’m tonbe m leve’m kanpe ankò
M fè respè’m deja koulyea’m pa pè danje ankò
Ou ka toujou frape sou mwen eseye fòs ou
Bay tout sa’w gеnyen pa enkyetе’w frè dechaje stock ou
Men’w pap ka detwi’m peu importe sa’w ta fè a
Sim te la pou menm but avè’w m tap sa’w tap pè a
M fè chemen’m jan lide’m di’m piblik mwen an pouswiv mwen
M jwenn love dèfwa ki freeze mwen
Sak montre’m appreciation yo, m kenbe plume pou nou
Karyè sa e nouk bati’l map rete mine pou nou
Wi se vre m pap fè tout vi’m ak on micro nan men
Men se mwen kap chwazi ni lè ni tan e kòman
M gen pou’m fè silans men e pa pèsòn kap pot mizo ban mwen
M te vle’n konn sa pou mwen se enpòtan
Nenpot jan’l ye nou tap vole pil ou fas malgre dout
Chwazi espas mwen syèl la laj li gen plas pou nou tout
Malgré vizyon an se abite’l
Tounon etwal menm pandan’w pami yo e lè’w bay do syè’l la abrite’l
Anyen pa etone’m jan youssoupha di’l
M fè moun kontan m fè moun kriye m bay moun fòs ak espwa
M viv siksè’m, m viv rèv ak tout eksplwa’m
Briye tank’on etwal jan Booba te ka dil
Karyè sa ladan’l se mwen’k gen dwa met point
Kou Dfi, map fè on track pou sa’m pap bezwen refren
Suisid se pa lach e mond sa’k pa fèt pou mwen
Lage pye’m on kote k pi vas yow la twò restreint