Reflè m
[Intro]
(M ap chache mwen nan mwen)
Se toujou kronik on Powèt
(M ap chache mwen ou)
On Powèt ki sot Castro
(M ap chache mwen nan nou)
On Powèt Revòlte
(M ap chache mwen nan mwen)
Se toujou kronik on Powèt
(M ap chache mwen ou)
On Powèt ki sot Castro
(M ap chache mwen nan nou)
On Powèt Revòlte
[Kouplè 1]
M ap gad reflè m a travè mond lan kòm si l t on miwa
Piramid negriye mwen m mi-esklav, mi-wa
Nwa sou blan met verite m rasis kou B-Art
M prefere se ke genyen kòb pa suiv kòbiya
Lank pran vijinite fèy mwen
Pou bay pwezi dous ou anmè
Dèfwa mrap ak kè m, dèfwa m rap ak fyè l mwen
Rim apre rim vi m jwenn ekilib
Mwen se a travè on plim pa a travè on jwen ke m vin lib
Trayizon k touye konfyans m evite damou Ev
De peur pou sa ki pral matlo m nan l pa koulèv
Tout de même, fas mond lan twonpe m tout nèg ak rèv ap fin kou Martin Luther King m ap tann yo plonbe m
Koute agoni m
Poze sou yon sample
Suisid mizikal mouri lantman lè m koute vwa Lauryn(Lauryn Hill)
M bouke wè djab la lè m gad reflè m
Sou yon fèy blanch m vin refè mond lan avanl refè m