Pwofon Regrè True-Vibe

[ Intro by:Street-Man ]

An reyalite lavi son wout e lanmo se falèz

E siw pa bouje sou wout sa ou pap ka viv alèz
Rezon k'fè jodi a m'gon regrè pou mwen k'tounen yon virus

Se paske m'te damouw !

De 2012 à nos jours m'stil ap menen yon vi tris

(M'stil ap mennen yon vi tris )

[ Verse I Street-Man ]

Avèk plezi pou mwen dil

M'santi manm mwen febli

Avèk pwezi poum dekril

Santiman mwen fleri

Chak fwa m'raplem bèl ti moman n'te konn pase Ansanm

M'ensandye pwop tèt mwen,e kèm preske redui An sann

Chak souriw efase mil pwoblèm

[Pou mwen ]

Chak soupiw vle di mil gwo pèn

Vi sa map viv la se pat li m'te swete

Pi gwo regrè m'gen nan vim se paskew desede (Adieu)

[ Refrain by: Level ]

Depiw lèw fin ale a m'santi kouran vim koupe

Soufrans pou mwen ou kite eeeeeee

So baby ! Ou t'on sè pou mwen ew te konn konseyem

Te gen respè pou mwen pa gen anyenw te konn sere mwen

Konn sere mwen eennnnnnnnnnnnnn

[ Verse II Jelly ]

Jelly

Fom ta sanwont anpil poum ta di fanm sa I'm doing fine

Lanmoul te plen Tout kèm depil Kitem nan m'still vinn tre Fay

M'vinn paka reprann mwen m'tankon kamyon Mack San Wou

M'ta vlew aprann ke jelly still rèd paka Viv San ou

Yon ti senp erè m' fè fè avni nou vinn gache

Se ou k' t'alimante kèm kounya kouranm debranche

Pou tout mal mwen few Cheri map diw m'vrèman regrèt

Ou met believe mwen amour nan kèm gon pwofon regrè

[ Verse III Caly ]

Ou te banm tout kè'w,menm pat kòman poum jerel

Souvan dlo koule nan jew,menm pat konn kòman pou sechel

Tout bon vre m'te abitye m'te adikte ou

Ou te gentan gate'm e'm te jire m'tap fè tout tanm ak ou

M'pat janm panse yon jou'w te ka leve w'ale

Ou kite mwen nan chagren gad Jan caly ap trepase

Lanmou'm gen nan kèm pou ou m'kwè li pap efase

M'pata vle pou jwenn yon lòt pou'l tankou rejinal kanje

[ Refrain ]

[ Outro by: Level ]

Ou manke m',kreve panse m'fè m' depale,M'paka konsole m'santi m'bouke vwa m' fin aleeeeee ou ouhhhhhh

More by Level

All Level songs →