CJ
Konplèks
[Refren] [Ruthselle & CJ]
Konplèks
Nou kwè bote se grèf oubyen douko
Konplèks
Siperyorite l baze sou koulè po
Konplèks
Aksepte kouche l paske l gen bèl oto
Konplèks
Devalorize l paske l sot nan Geto
Konplèks
Tout moun konplekse tout moun konplekse
Nou nan on sosyete ki plen vye mès kache
W pa bezwen vekse verite blese
Anpil moun prèske ki pa gen pyès diyite

[Fred Hype]
Eskize n mezanmi pou tout bagay nou pwal di
Verite a on jan di men fò n mete l nan plas li
Sa fè ou bay dan di konnеn figi w g on mas pli
Pifò moun ap viv nan manti yo fonksyone an katimini
Gen sa k ap di w repanti еpoutan pa gen pi santi
Sa menm pran pòz li janti
Men li rayi menm pwòp san li
Li damou l pou konesans li
Men l pa marye poutèt ran li
Ti jan plis kwè nan gwo zanmi men li pa janm prezante fanmi l
Li di w poko gen stati paske w poko janm pati
Ou wont di w sot Ayiti al akouche Etazini
Yo kwè tout sa blan di
Ou pa wè menm po yo blanchi
Si nou vle espri n afranchi g on bann baryè pou nou franchi

[Bricks]
M wè de nos jours tout moun gad moun sou aparans
Si bon patnè w pa nan on sektè m garanti w yo pap ba w chans
W temèt yon blan yon nwa metis oubyen ras jonn
Èske se pa menm san wouj la k ap sikile anba po n
Koulè yon moun se pa sa ki defini nivo sèvo l
Ekoule yon moun pou orijin li pou yon plas ke l vo
Vin fè, tout nèg ki nwè renmen fanm grimèl
E w ap wè tout nèg ki lèd renmen fanm ki bèl
Woo fè nèg geto di yo se nèg anlè
Yo genlè bliye nou se pousyè n ap fout tounen pousyè
Fò w gade l wo gade m ba
E poutan lòt la ap goumen pou moun pa gad anba l

[Refrain]

[Fantom]
Non, li lè pou nou fout sispan ap viv pou moun
Sispann gade sou moun
Viv odepan de moun
Non pa pè di keou se pitit on moun
Menm lè l ap travay kay moun nan je li paka gad moun
Chak moun nan lavi sa gen yon istwa kache
Pa paske l pitit gwo zouzoun pou w dakò nan figi w pou l krache
Konplèks pou ou chase
Gen tès nan vi a pou w pase
Gen moun pou l detounen w li fè w tout bagay ki ka fè w fwase
M konn yon nèg ki g on menaj se kay patnè l li resevwa l
M konn yon lòt sou tèt rezon l chèf ba l kalòt li bese vwa l
Fo pretèks ka vinn konplekse w
Yon vye echèk ki la pou strese w
Yo ta renmen pou w toujou bese je w

[Brital]
Nan vi a pat gen prejije kounya tout moun vin konplike
[...]
Sa k ap chanje koulè po
Pran pòz pi siperyè yo
W pa menm ka di w se ayisyen lè w fin janbe frontyè
Ou pap kenbe tande w pito w mache sou ranblè
Tout sa moun ap di pa bon pou ou se ou k pi konesè
W ap bay kout lang sou moun paske w bezwen milyonè
Nou youn pa plis ke lòt
An pa minimize youn lòt
Lè w twò konnen w vin sòt
Konplèks ka fè w tripòt
S on viris san antidòt
S on vye vis pou blow lòt moun
Mind nou boule si w pa posede ou panse w pa vo k on lòt
S on vye jès move mès
S on vye pyès kot sajès